[INTRO]
Pi wouye pi koupe
Wi gade nou pa febli 
Yo voye dlo nou pa mouye
Epi nou pa sezi
Chak ane nou fè lòbèy 
Medikaman pou zòrèy 
Fanatik nou yo ki pa ka 
ret tann nou pral pran plezi
Kanaval sa son viris 
Kap  vibre Anndan n'
Evite lese frape 
Leuw rive nan bann
Pa goumen
Lòt ane wa tounen
[JEAN BERNARD THOMAS]
Si n' vle Ayiti reviv
Fòn veye yo
Kontwòl yo
Ayiti ti peyi dous
Siw pa veye Zow
Li ka yo pwa grate
Ooooooooooooooooooooooo
[ANIMASYON]
Goch ann ale agoch goch goch goch
Dwat Ann ale a dwat dwat dwat dwat
Devan Ann ale devan an an an
Avanse Ann ale Ann ale
An nou rekòmanse
Goch ann ale agoch goch goch goch
Dwat Ann ale a dwat dwat dwat dwat
Devan Ann ale devan an an an
Avanse Ann ale Ann ale
Woooyyyyy fè kòlè
Anyyyyyyyy
Sou bil ou fè kòlè
(Sam baw regle pou mwen)
Sou bil Ou fè kòlè
(makak kap fè makak)
Sou bil Ou fè kòlè
Ouwwwww
[BIG JIM]
Calmate calmate randevou sa chak ane
 se a ne pas rater pas rater 
Kanaval se pa kote pou ap vinn fè 
Karate karate
Apiye pa frape pa frape
Fanatik nou kanpe dan pou sak ta vle
Atake atake (en hein ) 
Tout kòm se, e nou byen ekipe
Tout ekip degize byen vize 
Yonpèp ki fi'nn epwize
Plezi san ezite epi nou refize
Rete nan betize nou genyen twop tan 
Djòl nou dezipe
[ANIMASYON 2]
Gade moun gade moun nan bann nan
Gade moun gade moun devan m'
Gade moun gade moun sou stann nan
Gade moun gade moun
Fanatik se pla pla pla pla pla
Egri yo menm ap rablablablabla
Fanatik se pla pla pla pla pla
Egri yo menm ap rablablablabla
[KORAL]
Yapape rele anmwey 
Lame a son pwa grate
Pa kole pa kole pa kole pa kole
Yapape rele anmwey
Lèzòm pran nan pwa grate
Pa kole pa kole pa kole pa kole
Rele rele yo pran nan cho
Rele rele yo pran nan cho
Rele rele yo pran nan cho
Rele rele yo pran nan cho
[FATAL]
Gade gade lè yo
Kijanw wè nou ka pè yo 
Gade gade lè yo 
Tout sa'n fè yo paka fè yo 
Lèzòm pa happy menm
Lèzòm pa happy menm menm
Depi yo pran nan pwa grate
Nou fè nanm yo pati 
Nou se medikaman
Depi lontan k'ap  gueri maladi
Lè rap kréyòl la afebli 
Se nou ki pran'l ki ba'l lavi 
Men Rockfam lame a ap pase
Li fè tout moun awoyo
Tout moun frape men yo 
Plapla pot plezi pou yo
Fanatik se pla pla pla pla pla
Egri yo menm ap rablablablabla
Fanatik se pla pla pla pla pla
Egri yo menm ap rablablablabla
[PIKAN]
Yon Sèl fason Pouw pa Pran nan Pwa Grate  met Haiti en premye
Peyi a Bezwen nou tout
Youn ak lòt sin ta vle g'on alemye 
AtansyonPa Kapon
Sou Teren Met Kranpon
Message alanasyon
Pou tout jenn fanm jenn gason
#DEPO
Depi wap fè dezod ou pa OBEYI
#DEPO
Menm siw son Nèg salon oubien nèg Lari #DEPO
Siw son Palmantè ou vle fè dezod
 #DEPO
Menm siw son prezidan fòw mache Sou lòd
[KORAL]
Yapape rele anmwey 
Lame a son pwa grate
Pa kole pa kole pa kole pa kole
Yapape rele anmwey
Lèzòm pran nan pwa grate
Pa kole pa kole pa kole pa kole
Rele rele yo pran nan cho
Rele rele yo pran nan cho
Rele rele yo pran nan cho
Rele rele yo pran nan cho
[ATROS]
Nèg yap gaspiye
Yap piye
Gen sa kap tiye
Nap kriye
Si yo ta bliye
N' pap pliye
Si nou asire
Nap rive
Fòk nou suspann makiye
Gen twòp timoun poun apwiye
Fòn supòte poun pa kite
mizè touye pa milye
Yo pran Toussaint (Nou la)
1804(nou la)
N'fè gè Jako
Nou pran okipasyon(Nou la)
86 (Nou la) 
90 (Nou la) 
An 2010
Nou pran nan tranbleman(Nou la pi rèd)
[KNAGGS]
(Ayisyen tèt ansanm li ye tande)
Nan plede mache 
Goumen tout lajounen
Yo foure dwèt nan Je n' 
N'Pa menm ka bougonnen
Pito n' chèche renmen
Pou nou pa detounen 
Pou developman lakay nou ka boujonnen
Pouse pouse pouse do vagabon
Frenk kite peyi m' mache
Mache poun avanse
Pouse pouse pouse do vagabon
Frenk kite peyi m' mache
Mache poun avanse
[JEAN BERNARD THOMAS]
Tout sa kap radote
Pouse
Sa kap bann chay pote
Pouse
Sa ki pèdi lafwa 
Pouse
Sa kap fè dilatwa 
Pouse
Sa kap fè makiyaj
Pouse
Pou yo fè gaspiyaj 
Pouse yo pouse yo
Pouse 
Pouse yo pouse yo
[BRIDGE]
ooooooooooooooooo
[TOPPY X]
Leve 2 men nou pou nou souke
Pran mayo yo souke
Pran kepi yo pran souke
Pran drapo yo souke
BIWW Epi voye Dlo
Souke souke souke biw 
Epi voye dlo
Souke souke souke 
Souke biw 
Epi voye dlo
Kole'w pran pa Kole'w pran
Haiti son pwa GRATE
Si'w vin fe vyolans sou fanm
Jwet la deja GATE
Si'w vin piyel, vin fe kidnapping
Ou deja KOULE
Ansanm pou'n fel reviv 
Leve 2 men nou pou nou souke
Pran mayo yo souke
Pran kepi yo pran souke
Pran drapo yo souke
BIWW Epi voye Dlo
Souke souke souke
Souke souke souke 
Souke souke souke bie 
[ANIMASYON]
Mwen tande mwen tande
Mwen tandeeeeeee
Se chak ane yo dim pap pase
(Black Easy, King Kessy)
Mwen tandeeeeeee
Mwen tande mwen tande
Rockfam lame a son pwa grate
Se sa l' ye 
Rockfam lame a li grate 
Li pike li boule toumante
Se sa l' ye 
Rockfam lame a li grate 
Li pike li boule toumante
[PREACHA ]
LI touche'm  nan tèt 
Li grate m'
Li touche'm nan do
Li gratem
Li touche'm nan vant
Li gratem
Lli touche'm nan figi 
Li gratem
Li touche'm sou zépòl li 
Li gratem
Li Touchem nan men
Li gratem
Men li touche'm tout koteeeee









